Etid Devlopman ak Anviwònman Pwojè Ekstansyon SunRail (PD&E)
Depatman Transpò Florid (FDOT) ap fè yon Etid Devlopman Pwojè ak Anviwònman (PD&E) pou yon potansyèl ekspansyon sèvis tren SunRail la nan Konte Polk. Kounye a, SunRail desèvi zòn DeLand, Winter Park, Orlando, Kissimmee ak Poinciana, avèk estasyon ki pi nan sid la nan Poinciana. Ekspansyon pwopoze a ta pwolonje sèvis la rive Haines City, avèk estasyon adisyonèl nan zòn Loughman ak Davenport.
Konte Polk se youn nan konte ki gen kwasans ki pi rapid nan peyi a, yo prevwa popilasyon an ap rive prèske 1.2 milyon moun an 2050. Yo prevwa plis pase mwatye nan kwasans sa a ap fèt nan pati nòdès konte a. Pou sipòte kwasans sa a, yo bezwen plis opsyon transpò pou asire mobilite kontinyèl pou rezidan, biznis ak vizitè Konte Polk yo.
Etid PD&E a pral egzamine opsyon pwojè a, benefis ekspansyon an, konsiderasyon anviwònman yo, pri konseptyèl preliminè yo, ak estrateji potansyèl pou finanse li. Etid la pral egzamine tou potansyèl devlopman ekonomik kòm rezilta ekspansyon an ak kijan li ta amelyore mobilite. Etid la nan premye etap li yo epi li pral evolye pandan ane edmi kap vini an, sa ki pral lakòz yon rekòmandasyon pwojè ak yon altènatif lokalman prefere.
Tank pwojè a ap pwogrese, plis detay ap vin disponib.